Koulye a, li lè pou nou pran angajman nou pou nou lapriyè, pou nanm nou, pou fanmi nou yo, pou mond nou an, ak pou Legliz nou an. Koulye a, se yon lè Bondye ap vide benediksyon li sou nou si nou chèche yo epi mande yo. Pandan nap pran pòsyon pa nou nan misyon kòm disip misyonè, 40 èdtan devosyon sa yo se tan pou nou sipliye pou Lespri Sen a renouvle nou, ban- nou fòs, gide nou, ak mennen anpil nanm toutalantou nou kote pou yon lavi nouvo nan Kris la, Sovè nou an. Mete anpil tan de kote pou nou vini nan Legliz Sen Joseph pandan tan sa a pou nou adore Seyè nou an nan Sen Sakre- man pou nou mete lapriyè nou yo ans...
Read More >